KAFENWA HT Chak gòje se yon istwa.

Istwa nou

Kafe nou.
Rasin nou.

Nan KAFENWA, nou kwè chak tas kafe se yon istwa. Nou chwazi grenn kafe Ayisyen, nou griye yo ak swen epi nou mete pasyon nou nan chak pake.

KAFENWA se yon biznis kafe nan YAMALA GROUP. Nou vle pataje gou kafe Ayisyen ak moun ki renmen pran yon bon tas lakay yo, nan travay oswa ansanm ak moun pa yo.

Dekouvri kafe nou ↗
KAFENWA HTPA GEN PASE’L
Pake kafe KAFENWA

Chak gòje se yon istwa.

Rasin nou

Yon mak ki soti nan kilti nou.

KAFENWA pran rasin li nan tè Ayiti ak tradisyon kafe ki pase soti nan yon jenerasyon ale nan yon lòt. Nou vle bay kafe Ayisyen plas li nan lavi chak jou.

Pou nou, pataje kafe se pataje yon pati nan kilti nou, nan fason nou resevwa moun ak nan moman nou pase ansanm.

Eksperyans nou

Soti nan pake a rive nan tas la.

Jodi a, eksperyans KAFENWA kòmanse ak kafe ou prepare lakay ou oswa nan biznis ou.

Nou ap prepare pwochen etap la: yon coffee shop modèn, cho ak akeyan, kote gou kafe, sèvis ak kilti Ayisyen ap rankontre.

Dekouvri pwojè coffee shop la ↗

Sa nou ofri

Plizyè fason pou jwenn KAFENWA.

01

Kafe an pake

Dekouvri fòma 170 g ak 340 g nou yo. Chwazi kantite ou bezwen epi prepare demand kòmand ou nan boutik la.

Ale nan boutik ↗
02

Kafe pou biznis

Pou boutik, biwo, restoran ak revandè. Kontakte ekip nou an pou pale sou kantite ak kondisyon ki mache pou ou.

Pale ak ekip la ↗
03 · BYENTO

KAFENWA Coffee Shop

Yon espas pou pran kafe epi pase yon moman ansanm. N ap pataje meni, adrès ak dat ouvèti a lè yo konfime.

Swiv pwojè a ↗

Ann pale

Ou vle konnen plis sou KAFENWA?

Pou kesyon sou kafe nou, yon kòmand oswa yon patenarya, ekri ekip la.

KONTAK KAFENWAcontact@kafenwaht.com